AYITI ENSEKIRITE: YON TIMOUN 9 LANE TONBE ANBA BAL, PANDAN YON ARESTASYON.

Sherline Bélizaire , se yon tifi 9 lane ki mouri nan zòn klèsin ( komin Taba) ayè Madi 14 out 2018 la aprè li fin resevwa yon bal pèdi nan kè pandan lapolis tap arete yon endividi , daprè enfòmasyon ki rive jwenn EchoJounal.

Papa viktim nan ki pat ka kenbe dlo nan je li esplike  » se plizyè polisye ak inifòm ki te nan yon machin pikòp koulè blan ak nimewo plak 1- 00608 .

Yo tonbe tire nan wotè moun pandan yo ta pral arete yon nonm. Yon katouch pran Sherline nan kè epi retire lavi ti pitit la ».

Papa Sherline Bélizaire kap mande jistis ak reparasyon kotel di li deja depoze yon plent nan enspeksyon jeneral lapolis la.

Kervens Louis

Kervenslouis459@gmail.com

+509 4412 0020

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …