AYITI/ENSEKIRITE:CHÈF BIWO KOMINIKASYON DEPITE  SITE SOLEY LA PÈDI LA VIL JOUNEN VANDREDI 04 OKTÒB 2019 La.

Nan yon nòt pou laprès biwo kominikasyon depite site soley la mete deyò jounen samdi 05 oktob 2019 la, fè konnen se avèk anpil tristès ak dezolasyon ke yo aprann lanmò kòdonatè biwo kominikasyon yo a ki se Tony Philistin ki tonbe anba bal jounen vandredi 04 oktòb 2019 la nan lokalite fouji zòn wout nèf,anba ponp gaz la.

Nan sans sa depite Pierre Lemaire prezante senpatil bay fanmi an epi mande lajistis pou pran responsabilitel yon mannyè pou rive fè limyè sou zak asasinay sa sou kòlèg yo a.

Toujou nan nòt sila poun site Depite senkant nevyèm nan li fè konnen li deja mete avokal okouran de dosye a nan lide pou fè fanmi Tony Philistin rive jwenn jistis li.

Yon lòt bò palmantè a mande popilasyon site soley  la men espesyalman manm biwol yo pou rete tèt frèt yon fason pou pa kite okenn moun vinn entimide yo paske fòs fè nwa a gen poul sispann simen latwoublay.

Pilwen lejislatè a fè konnen lap batay lontan nan chanm depite a pou rive mete lapè nan site a malgre anpil moun pa dakò pou lapè tounen tout  bon vre andedan pi gwo bidonvil sila.

Poun fini nap raple depi kòmansman mwa oktob 2019 la gen plis pase 5 moun ki deja pèdi lavi yo anba men nèg ak zam

ki donk sitiyasyon sa lage anpil perès kay popilasyon an kote chak swa tout moun rive antre lakay yo byen bonè yon fason pou yo pa viktim anba men zèfèyis.

Rikenson Fulgeance.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …