AYITI/ENSEKIRITE:DE JOU AN JOU BANDI AK ZAM PA SISPAN METE DLO NAN JE  FANMI  AYISYÈN NAN .

Bandi ak zam yo pa rive idantifye nan vil Okap ki chita kò li nan nò peyi Dayiti touye enspektè epi responsab brigad entèvansyon lapolis ayisyen Telford Ferais nan lannwit samdi 26 desanm 2020 an.

Telford Ferais resevwa plizyè bal nan men asasen yo nan yon zòn yo rele  kafou Lacho nan antre  lès vil lan daprè pòt pawòl lapolis ayisyen an nan depatman nò peyi a Anassé Dorival.

Diresyon depatman polis nasyonal fè konnen yap travay pou rive jwenn sikonstans lanmò enspektè Telford Ferais ki tap travay pou bay sekirite nan peyi a ki tonbe anba bal bandi.

 

Angeline Michel

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …