AYITI/ENSEKIRITE:DIREKTÈ JENERAL POLIS LAN FÈ KONNEN  KANTITE POLISYE KI TE VIKTIM  NAN LOPERASYON VILAJ DE DYE 

 » Nou gen 4 polisye ki mouri, 8 blese, ladan yo gen 5 ki soti lopital, 3 nan yon eta ki estab », deklarasyon Léon Charles, direktè jeneral polis la, nan yon « point de presse » li bay jounen samdi 13 mas 2021 an.

Lapolis nasyonal mennen yon operasyon nan vilaj de Dye ayè vandredi a. Nan operasyon sila a, anpil polisye pèdi lavi yo.  » Lapolis p ap fè bak, li pa ka fè bak nan batay l ap mennen kont kidnapin nan », se sa direktè jeneral polis la afime nan entèvansyon li t ap fè a.

Alòske gen nan fanmi polisye yo ki pale nan mikwo laprès pou yo fè konnen yo pa jwenn kadav polisye ki mouri yo, Léon Charles,li menm, nan rankont li te gen ak laprès pa di anyen sou sa. Li sèlman voye senpati l bay fanmi, zanmi ak pwòch polisye ki tonbe nan operasyon an.

Jackson Junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …