AYITI/ENSEKIRITE:ENDIVIDI AK ZAM TOUYE YON ANTREPRENÈ KI SE MÈT THEBO S.A NAN KANAPEVÈ.*

Nèg ak zam asasinen jounen 12 avril 2021 an Patrick Thébeau, mèt konpayi Thebo s.a pandan l sou volan machin li nan kanapevè, ri maten._

Nèg ak zam asasinen sitwayen Patric Thébeau nan machin li. Daprè premye eleman enfòmasyon kèk temwen rapòte, se ta yon tantativ kidnaping ki debouche sou lanmò. Sepandan, otorite Lapolis ak lajistis poko bay okenn enfòmasyon sou sa ki pase a.

Nan videyo k ap sikile sou rezo sosyal yo, viktim la chita nan machin li ak plizyè tou bal sou li.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …