AYITI/ENSEKIRITE:YON AJAN ISGPN KIDNAPE EPI MOURI BOULE

Gabo Desilen se non yon ajan USGPN nèg ak zam kidnape jounen mekrèdi 3 mas 2021 an. Kidnapin sila a te leve plim sou do yon pakèt moun. Sa ki te lakoz yo te bloke wout ayopò a.

Nan moman n ap ekri tèks la, Lapolis poko bay okenn enfòmasyon sou kidnapin sila a. Men daprè kèk rimè sou rezo sosyal ta sanble Gabo, ki se tou yon ansyen militè, mouri epi boule.

Pandan jounen mekrèdi a, gen pou pi piti 4 kidnapin ki fèt nan zòn metwopilitèn nan. Alòske peyi a gen lame, li gen Lapolis. Si youn nan enstitisyon sa yo pa ka bay popilasyon an sekirite poukisa yo oblije ap touche lajan Leta a?

Jackson Junior Rinvil

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Équateur: des attaques armées contre des civils font 14 morts

Deux attaques armées contre des civils ont fait au moins 14 morts dimanche dans une …