Nan peyi isit, jan jou yo ap fofile pa toujou diferan youn ak lòt. Kidnapin, zak asasinay se sa yo ki make jounen moun nan Pòtoprens dènye tan sa yo. Nan sans sa, jounen mekrèdi 3 mas la pa t depaman ak sa nou konn abitye wè deja.
Granm maten nan lokalite papay, nèg ak zam te simen katouch sou yon bis ki fè trajè Sendomeng- Ayiti. San te koule. Anpil moun blese.
Nan avni kristòf, vè 1è konsa, te gen yon leve kanpe ki te fèt aprè moun yo pa t idantifye t ap eseye kidnape nan moun nan yon taksi. Sityasyon sa a te lakoz avni kristòf la te bloke.
Bò palè nasyonal, zòn channmas, nèg sou moto te ouvè kout zam sou yon ekip moun sou channmas la. Daprè bilan an, te gen 2 moun ki te gentan mouri sou plas.
Pandan jounen pèp la konsa, gwo zotobre nan Leta yo se referandòm ak eleksyon yo ap prepare. Pèp la pa konn kiyès pou l rele. Jounen l rezime ak san, kadav kidnapin. Pou kounya, li 5è 10 nan lapremi, pèsonn pa konn kisa ki ka pral pase nan rès jounen mekrèdi sila a.
Jackson junior Rinvil
KRedi foto:alamy