*LIS 18 GRENADYE KI PRAL JWE KONT EKIP KIBA*
_*Gadyen*: Johny Placide,Josué Duverger_
_*Defansè*: _Carlens Arcus,Ricardo Adé,Mechack Jérôme,Jems Jeffrard,Alex Christian Jnr,Djimy Ben Alexis_
*Mitan Teren*:Bryant Alcéus,Zachary Herivaux,Sony Moustivar,Kevin Lafrance,Mikaël Cantave,Steeven Saba
*Atakan*:Fratzdy Pierrot,Dukens Nazon,Jonel Désiré,Benji Michel
Aprè dènye match amikal yo te jwe kont ekip Salvadò a,nan dat ki te 21 novanm nan lane 2018 la,seleksyon nasyonal la pral jwe avèk ekip Kiba a avèk anbisyon pou li pote la viktwa nan match sa, ki konsène lig nasyon yo nan Concacaf la.
Tout moun yo la,soti nan Johny Placide avèkJosué Duverger pou al nan Carlens epi pase pran mitan téren yo pou tpnbe nan atak la,kote nap jwenn Frntzsy Pierrot,Dukens Nazon,Jonel Desiré ak Benji Michel.
Selesyon Ayiti a gen yon sèl bagay li bezwen ki pa lòt ke viktwa, yon viktwa kap pèmèt li klase pami gran ekip yo sakap pèmèt nou retwouve lig nasyon A yo poun pi klè.Nan bèl rankont sa ki anonse a tout ayisyen ayosyèn alawonnbadè ap tann avèk enpasyans jou dimanch 24 mas 2019 la.Yon match tout laprès anjeneral ap tann,epi sak pi bèl la tout grenyadye yo ap tann pou yo selebre yon bèl viktwa.
_Ann al gade kèk rezilta konsènan match Ayiti jwe ak Kiba deja_
*4jwen 1999* Ayiti te bat kiba 3 gòl a 1 nan koup karayibeyèn,match sa te jwe nan peyi Trinidad.8 oktòb nan menm ane a nan peyi USA nan match baraj pou Gold Cup,Grenadue yo yon lòt fwa ankò te bat yo 1-0 gras ak yon gòl Johnny Descolines te fè.
27 Me nan lane 2000,lakay kiba nan kapital yo a La Havana yo te bat nou, fwa sa nou te tonbe 0-1.
Nan sa ki konsène match zanmitay,29 me 2000,Grenadye yo te pase kiba 1-0,epi nan yon dezyèm rankont nou te fè match nil avèk yo 1-1.
20 me 2001,nou te fè nil ak yo ank,fwa sa se te avèk filè vyèj sa vle di 0-0.
9 janvye 2005 lakay Grenadye yo ,nan vil pòtoprens,grenadye yo te pèdi 0 gòl a 1 fas ak Kiben yo epi nan lane 2006,jou ki te 17 oktòb la ki reprezante anpil bagay nan istwa Ayiti,eben li fè 0-0 ak Kiba nan sa ki konsène koup karayib.
Anfen nou ka sonje 18 novanm 2014,nan dat sa Ayiti te bat kiba 2 gòl a 1.Si nou byen gade match fas a fas yo nap wè Ayiti bat kiba plis fwa,donk frenadye gen plis pousantaj bat match la parapò ak efektif li genyen pou match sa.
*Florestal Wilky*