_Rosnick Grant, ansyen prezidan komisyon abit yo( CONA) e ansyen vis prezidan federasyon ayisyen foutbòl bani a vi pa komisyon etik FIFA a vandredi 23 jiyè 2021 an pou abi seksyèl sou minè ak abit fanm._
Komisyon etik enstans siprèm foutbòl mondyal la bay vèdik li, nan sa ki gen ak wè ak Rosnick Grant. Vize pa FIFA depi yon pakèt tan pou koze abi seksyèl sou minè, ansyen chèf abit ayisyen yo finalman pa nan zafè foutbòl ankò.
« Nan ka M. Grant, konduit li yo fèt ant 2011 e 2021 e yo lye ak asèlman epi ak abi seksyèl, anplis ak menas e ak kowèsisyon ( pou anpeche yo siyale ka abi seksyèl yo) anvè abit fanm yo, e li pwofite de sityasyon otorite li genyen nan zafè abitraj foutbòl ayisyen an an echanj favè seksyèl ».
Parapò ak tout sa yo repwoche Rosnick Grant yo, kominisyon etik FIFA a tranche konsa. » Nan desizyon li, chanm jijman an konli M. Grant enfren atik. 23 ( pwoteksyon entegrite fizik ak mantal) e atik. 25 ( abi pozisyon) kòd etik FIFA e nan sans sa, li sanksyone ak yon entèdiksyon a vi nan tout aktivite ki gen pou wè ak foutbòl ( administratif, espotif, ak tout lòt bagay ankò) kit se nivo nasyonal, kit se nivo entènasyonal.
Rosnick Grant ap gen pou li bay yon amann 100 000 fran swis, swa anviwon 92 326 ewo.
Doktè Yves Jean-Bart (Dadou), ansyen prezidan federasyon ayisyen foutbòl ( FHF) te, li menm tou, bani a vi pa FIFA pou koze abi seksyèl sou minè.
Jackson junior Rinvil