AYITI/ESPÒ: LA FIFA KLOUWE SANKSYON PREZIDAN FEDERASYON AYISYÈN NAN

Komisyon etik FIFA pa pran tan pou pwolonje sanksyon prezidan federasyon Ayisyèn nan Yves JEAN-BART pou katreven (90) jou pou kontinye pa nan okenn Aktivite ki gen rapò avèk espò apre yo te akize prezidan federasyon an nan vyòl sou jèn ti medam yo nan sant FIFA GOAL la nan vil Kwadèboukè.

Plizyè moun kite nan administrasyon federasyon an tankou sipèvizè jèn yo Nella JOSEPH ak direktè teknik federasyon Ayisyèn foutbòl la Wilnert ETIENNE anba sanksyon tou jiskaske ankèt la fini pou yo konnen desizyon final avèk akize yo.

Otè: Jemsley JOSEPH

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …