AYITI/ ESPÒ : YON DIRIJAN  » TURKS AND CAICOS » FÈ YON GWO DERESPEKTAN AK JWÈ SELEKSYON NASYONAL LA .

Seleksyon nasyonal la ki tap jwe yon match eliminatwa koup di mond « Quatar 2022 » ak ekip « Turks And Caicos » la lakay yo samdi aprè midi senk (5) jen 2021 an, yon match seleksyon nasyonal la bat dis (10) gòl a zewo (10-0).

Touswit aprè match la te fini, grenadye yo te deside rete chita sou tèren an pou rale yon souf epi voye fatig ale youn nan dirijan ekip  » Turks and Caicos » la nan move manyè deside vin pran balon ki te nan men jwè seleksyon nasyonal la anba zye tout moun.

Videyo aksyon move jès sa ap sikile sou rezo sosyal yo, li pa kite ayisyen yo san kòmantè, kèk menm estime se yon jès derespektan dirijan « Turks and Caicos » la fè.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ballon d’Or 2025 : Entre prestige et illusion dorée.

Le 22 septembre prochain, le Théâtre du Châtelet à Paris accueillera la 69e cérémonie du …