LEMOND/ESPÒ:JOSÉ MOURINHO REVOKE NAN PÒS ANTRENÈ EKIP TOTTENHAM NAN.*

Dirijan ekip Tottenham yo pran desizyon pou yo revoke José Mourinho lendi 19 avril 2021 an akoz move rezilta._

Istwa damou ant Mourinho ak dirijan ekip Tottenham la rive nan bout li. Antrenè pòtigè ki gen 58 lane a, José Mourinho, aprè match nil 2-2 ant Tottenham ak ekip Everton lan ayè dimanch la jwenn revokasyon li.

« Klèb la anonse  Mourinho ak estaf teknik li Joao Sacramento, Nuno Santos, Carlos Lalin ak Giovanni Cerra pa nan pòs yo ankò », daprè sa klèb la anonse.

José Mourinho pran tèt ekip la depi nan dat 20 Novanm 2019, li pa janm, non sèlman ka mete ekip la nan dimansyon dirijan yo te swete a, men tou li pa janm reyèlman mete mak li sou ekip la.

N ap raple, aprè 32 jounen ki jwe nan Chanpyona Angletè a, ekip Tottenham nan okipe setyèm plas nan klasman an ak sèlman 50 pwen.

Jackson junior Rinvil

Kredi foto :net

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …