AYITI/FÒMASYON: NAN YON FÒMASYON DE JOU SÈLMAN WAP GEN PWÒP BIZNIS OU NAN PEYI A POUW FÈ LAJAN.

Jén jounalis Jemsley Joseph pote èd li bay pèp ayisyen an ki pa konn ki wout pou yo fè e ki sen pou yo rele nan nan mizè yap konnen dènye tan sa yo akoz pa gen travay nan peyi a tout moun de bwa balan.

Jèn jounalis la anonse de (2) jou fòmasyon pou dat samdi ak dimanch 28 jiyè 2019 lan nan lokal Principe Auto Ecole ki chita kò li sou wout Dèlma a anfas antre Dèlma 19 kote li pral moutre moun yo fè pwodui ki vann plis sou mache a ki se LIKID LESIV, DEZENFEKTAN, VINÈG, SAVON TWALÈT ak PENTI non sélman lap moutre fè yo lap edew vann yo e bòw posibilite pou jwenn yon kliyantèl.

Pou òganize fòmasyon sila Jemsley Joseph jwenn sipò Echojounal ak Principe Auto Ecole. Pou yon moun patisipe lap bezwen sèlman yon ipolit (mil goud ayisyen) lap jwenn dokiman kap pèmèt li fè pwodui yo san grate tèt. Pou kontak ou kapab ekri oubyen rele: 48276981/36234404.

Siw ta vle sipòte aktivite sila ak jenès peyi a ou kapab kontakte Jemsley Joseph nan 48276981 josephjemsley814@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …