Real Hope prale Akayè jodi jedi 6 jwen 2019 la pou al jwe final ale seri ouvèti chanpyona premye divizyon pou gason an an Ayiti, e yon viktwa ap enpotan pou li.
Real Hope ki te kalifye anba redi fas a Tempête FC wikenn ki sot pase a ap chèche yon dezyèm tit nan chanpyona a, sa ki ap enpòtan pou Okap pliske sa ap fèl genyen douz (12) twofe nan konpetisyon an. FICA gen 7, ASC gen 3 epi Real gen yon sèl. Fok nou fè ou sonje ke FICA se ekip ki gen plis twofe nan chanpyona a. Aprè li te fin chanpyon sou Racing des Gonaïves, Real twouve li nan pozisyon pou leve koup sa pou yon dezyèm fwa, e si sa ta rive, se sou Akayè lap fè li. Paj istwa sa ap jis pwouve dominasyon ekip Okap yo nan chanpyona a depi lane 89.
Match ale a ap jwe jodi a Akayè, retou a ap jwe dimanch kap 9 Jen an, nan Pak Senviktò lakay Real Hope. Ann ret swiv sa ki pral pase.
Seriphin Godson.