AYITI/FOUTBÒL:ANSYEN KAPITÈN NASYONAL LA NONMEN ANTRENÈ SELEKSYON NASYONAL AYISYEN AN.

Jean Jacques Pierre, ansyen kapitèn seleksyon nasyonal la, se li menm ki ranplase Marc collat nan pòs antrenè seleksyon an jounen Jedi 11 Mas la.

Kominite nòmalizasyon an ki gen nan tèt li Jacques Letant, nan yon  » point de presse » li bay nan otèl Mariot jounen Jedi a, nonmen Jean Jacques Pierre antrenè seleksyon la.

Ansyen kapitèn Fc Nantes nan peyi Lafrans, Jean Jacques Pierre, adjwen l, nan tèt seleksyon an, se ap coach Jean Claude Josaphat.

Li gen 40 lane, Jean Jacques Pierre ansyen jwè Cavaly , youn nan pi gwo defi k ap tann li nan seleksyon an se pral kalifikasyon ekip la pou koup dimonn 2022 a.

Jackson Junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …