_Depi apre kriz gaz peyi a te konnen semèn ki sot pase yo, nan Okap sityasyon an pa janm tounen nan nòmal li. Ponp yo poko janm gen gaz se nan lari gaz la ap vann nan, daprè sous nou._
Estoke gaz pou vann nan galon gen gwo danje ladann. Malerezman, otorite defakto yo nan peyi Dayiti gèlè pa konprann sa. Nan Okap ayisyen, jiskaprezan, ponp yo poko janm gen gaz.
Se nan galon bò lari gaz la ap vann. Sitwayen yo bouke ak koze sa. Yon sityasyon ki bay anpil kè kase dotanplis nenpòt neglijans ki pote ak kesyon gaz la ka lakoz gwo dega.
Gen plizyè kote yo te estoke kabiran ki pran dife ki lakoz moun pèdi lavi yo. E dènye an dat la se sa ki pase nan PÒDEPÈ a kote pami de (2) moun ki mouri yo gen yon bebe ui(8) mwa.