AYITI/GAZ: PWOGRAMASYON RADYO KISKEYA KANPE

_Pwoblèm gaz peyi a ap fè fas dènye tan sa yo genyen gwo enpak sou kèk radyo, pami yo radyo Kiskeya. Daprè jounalis radyo Kiskeya a, Kettia JP Taylor, radyo Kiskeya atè akoz pwoblèm gaz._

Depi plis pase 2 semèn, peyi Dayiti gen gwo pwoblèm gaz ki ap sakaje l. E sa lakoz gen yon radyo ki kanpe pwogramasyon yo.  » Pwoblèm gaz : radyo Kiskeya atè », fè konnen jounalis Kettia JP Taylor sou paj fesbouk li jounen vandredi 22 oktòb la.

Bò kote l, direktris jeneral Rtz la, Lunie Joseph, fè konnen pwogramasyon radyo Zénith ap fè yon kanpe pou yon ti tan akoz pwoblèm gaz la.

Sa gen twa jou depi te gen yon grèv ki te fèt pou te fosè otorite yo rezoud pwoblèm gaz la. E jiskaprezan, anyen poko rezoud.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …