Kriz gaz peyi a ap fè fas la afekte prèske tout enstitisyon ki depann de gaz la pou yo fonksyone an Ayiti. Nan yon twit, Amélie Baron fè konnen parapò ak pwoblèm gaz la radyo frans entènasyonal nan Pòtoprens ap koupe nan pwogramasyon l.
Ayiti ap plonje nan youn nan pi vye moman li potko janm konnen nan listwa li ak pwoblèm kriz gaz sa ki ap pèsiste. » Akoz pwoblèm gaz la, Radyo Frans Entènasyonal (RFI) nan Pòtoprens/ Boutilye ap koupe soti 23è 30 pou rive 5è nan maten jiska nouvèlòd », ekri korespondan RFI ki an Ayiti a, Amélie Baron.
Lopital Sent Terèz nan Ench, bò kote pa l, anonse apati midi l ap oblije fèmen pòt li akoz pwoblèm gaz peyi a ap fè fas la, daprè direktè lopital la, doktè Prince Pierre Sonson.
Jackson junior Rinvil