AYITI/GAZ: YON KANTITE GAZ AP RIVE NAN PEYI A LENDI 16 SEPTANM 2019 LA.

Nan yon nòt pou laprès premye minis demisyonè a fè soti dimanch 15 septanm 2019 la, fè konnen ke gouvènman an preyokipe ak rate gaz la ki koze nan peyi a

Nan sans sa premye minis demisyone a,mesye Michel Lapin anonse gen gwo mezi ki gentan pran ak enpòtatè gaz yo yon fason pou lendi 16 septanm 2019 la gen yon kantite gazolin ki rive disponip nan peyi a epi pou lòt semèn gen yon lòt kagezon gaz ki parèt sou mache a

Antretan rankont yo ap kontinye ak diferan moun ki konsène yo yon fason pou yo ka rive rezoud pwoblèm nan definitivman epi pou rive satisfè revandikasyon popilasyon an

Pou n fini premye minis lan mande popilasyon an pou rete tèt frèt yon mannyè pou yo pa kite okenn politisyen vin manipile yo

*Rikenson Fulgeance

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Haïti : Un atelier clé pour renforcer la Formation Technique et Professionnelle

Le 11 juin 2025, à l’hôtel Kinam, s’est déroulée la 8ᵉ revue thématique de la …