AYITI/ GRÈV : ALYANS DEMOKRATIK KONT TRANZISYON AYITI ( ADECTRAH), POTE SOLIDARITE AK GRÈV ÒGANIZASYON SENDIKAL YO

Nan yon nòt pou laprès, Alyans Demokratik kont Tranzisyon Ayiti (ADECTRAH), mete deyò jounen jedi 30 septanm 2021 an, di yo kore bare grèv òganizasyon sendikal yo lanse pou jounen lendi 4 oktòb 2021 an.

Alyans Demokratik Kont Tranzisyon Ayiti (ADECTRAH), di yo pran desizyon sa se paske yo konstate menm jan ak tout moun pèp la ki paka manje, ki paka voye pitit li lekòl, ki pa jwenn swen sante, ki pagen kote pou yo dòmi epi mete sou sa zak ensekirite a ak fenomèn kidnapin lan k ap wonje yo chak jou.

Pou fini, estrikti (ADECTRAH), ki rele ANMWE sekou pou (Core Group), manyè sispann foure bouch yo nan zafè enteryè peyi a, alòske yo pa pote anyen serye nan kriz la.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …