AYITI/ GRÈV: ASOSIYASYON CHOFÈ GAZ YO LANSE YO NAN YON GRÈV SAN BOUT

Asosiyasyon chofè transpòtè gaz yo nan peyi a lanse jounen jedi 21 oktòb 2021, yon grèv san bout pou denonse zak ensekirite ki ap taye banda nan peyi a.

Pòt vwa asosiyasyon transpòtè gaz yo, Jean Jacklin Dupré, fè konnen yo pran desizyon sa pou kapab denonse ensekirite a ak fenomèn kidnapin lan ki fè plizyè viktim nan mitan chofè transpòtè gaz yo chak fwa yo pran wout pou ale nan gran Sid peyi a.

Nou ap siyale, parapò ak desizyon sa biwo monetizasyon pwogram èd ak devlopman (BMPAD), anonse yon rankont ak sektè konsène yo pou kapab jwenn yon solisyon ak kriz la.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …