Anplwaye anndan lopital jeneral kontinye fè grèv pou mande leta Ayisyen sispann ba yo move tretman paske se yo ki la pou pran swen vi moun ki malad nan peyi a, yo egzije yon meyè kondisyon travay epi peye yo kantite lajan yo dwe yo depi plizyè mwa anplis ogmante sou lajan yap touche chak mwa ki pa reponn avèk bezwen yo.
Revandikasyon sa yo lakoz moun ki malad anndan lopital la pa ka jwenn swen paske yo kanpe travay depi 2 Mas 2020 an sa ki lage gwo kè kase pou moun sa yo, yon lòtbò anpil moun nan popilasyon an gen gwo kè kase si epidemi Kowonaviris ta frape pòt Ayiti paske se youn pami pi gwo lopital Leta ki genyen nan peyi a, Jiskaprezan okenn desizyon pako pran pou tout revandikasyon sa yo pou lopital la kapab kontinye bay popilasyon an sèvis.