AYITI/GRÈV: PREMYE MINIS LAN DI LI PRAN NÒT POU JAN POPILASYON TE APIYE GRÈV SENDIKA TRANSPÒ A.

Nan yon konferans pou laprès jounen 2 fevriye 2021 an premye minis Joseph Joute fè konnen li pran nòt de grèv la e li pral korije kaye li.

Premye minis la di grèv la respekte, li fè konnen pèp la bouke yo pa kapab ankò ak zak kidnapin sa epi ak ensekirite a kap vale teren an, li bat bwavo pou popilasyon an ki obsève grèv la san yo pa al kraze boule afè moun. Li anonse yo pral travay nan tèt kole ak lapolis la ke li bat bwavo pou yo pou travay yo fè nan peyi a pandan de jou grèv yo.

Li te tou pwofite de konferans de près la pou te fè limyè sou dosye tantativ kidnapin sou pitit lòm dafè Eric Jean Baptiste ki gen anpil pale ladann, li felisite popilasyon an kite metrize yo kote yo pat boule komisarya jan kèk moun te swete fè sa.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …