AYITI/IJAN : YON ANSYEN DEPITE KOMIN KWADÈBOUKÈ NAN GWO DIFIKILTE NAN MOMAN AN LA 

Nèg ak zam ki ap fè lalwa nan kwadèboukè atake Ansyen depite depite Jean Claude Lubin jounen madi 22 fevriye 2022 nan komin kwadèboukè, lakay ansyen ansyen palmantè.

Chak jou ki pase, sityasyon ensekirite ki gen nan peyi a ap plis detòryore. Nèg ak zam k ap feraye nan komin Kwadèboukè atake ansyen depite Jean Claude Lubin lakay li.

Daprè premye eleman enfòmasyon yo, nèg ak zam kwadèboukè ta mete dife nan yon pati nan kay ansyen depite a pandan kay la te gen moun ladann.

Bò kote pa l, ansyen sekretè Leta kominikasyon an, Franck Exantus lanse yon SOS pou Lapolis Nasyonal Dayiti kote li mande otorite yo pou yo entèvni touswit pou yo kapab sove lavi.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Haïti : Un atelier clé pour renforcer la Formation Technique et Professionnelle

Le 11 juin 2025, à l’hôtel Kinam, s’est déroulée la 8ᵉ revue thématique de la …