Konsèy egzekitif inivèsite leta ayiti a (ILA) anonse, nan yon nòt ofisyèl , dwayen fakilte etnoloji a, Jean Yves Blot , pran konje poul al etidye.
Nan nòt sa ki parèt Madi 14 out 2018 la, konsèy egzekitif inivèsite leta a » enfòme kominote inivèsite a dwayen Jean Yves Blot mande konje etid nan lide pou li al fini ak tès doktora li » .
Konsèy egzekitif ILA pwofite anonse yon nouvo dekana nan tèt fakilte a kap gen ladanl ;
pwofesè Claude Mane Das, dwayen pou yon ti bout tan.
Pwofesè Jean Mozart Peron, responsab kowodinasyon zafè akademik .
Pwofesè Joseph Foblas , responsab zafè administratif.
Fakilte etnoloji fèmen pòt li depi 12 jen 2017 la aprè dwayen Jean Yves Blot te fin pase machin li sou etidya Jonh Rock Gourgueder.
Kervens Louis
Kervenslouis459@gmail.com
+509 44120020