AYITI/ IMANITÈ : ASOSIYASYON JOUNALIS AYISYEN POTE ÈD BAY JOUNALIS NIP VIKTIM TRANBLEMAN TÈ A

Asosiyasyon Jounalis Ayisyen (AJH), pote èd yo bay jounalis nan uit (8) komin nan depatman Nip ki te viktim nan tranbleman tè 14 dawout 2021 an.

Sekretè jeneral Asosiyasyon Jounalis Ayisyen (AJH)la, Jacques Derosier, fè konnen se yon jès solidarite ak jounalis viktim nan depatman Nip yo fèt aprè solidarite asosiyasyon Jounalis Ayisyen (AJH) ak jounalis kite viktim nan depatman Sid la. Pilwen, Jacques Derosier, ki presize jounalis viktim yo resevwa pou pi piti kenz (15) fèy tòl ak bwa depakat pou yo kapab al rekonstwi ou byen konstwi yon abri paske tranbleman tè a te sakaje kay yo.

Pou fini, sekretè jeneral Asosiyasyon Jounalis Ayisyen (AJH), Jacques Derosier, presize jès sa fèt aprè demand rezo depatmantal AJH Nip lan te fin fè bò kote yo nan Pòtoprens, pou te kapab ede jounalis viktim yo.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …