Lajistis ak lapolis nan komin Miragwàn dekouvri jounen mèkredi 25 dawout 2021 an, yon bato diri ki vin debake sou waf Lagonav la, nan komin Miragwàn ilegal.
Selon premye deklarasyon komisè gouvènman jiridiksyon Miragwàn lan, mèt Jean Ernest Muscadin, fè konnen nan premye eleman enfòmasyon yo ki lèse kwè bato diri èd sa ki ta prale nan depatman Grandans epi konplotè sa yo vin debake li sou waf Lagonav ki nan komin Miragwàn pou revann li.
Pou kounye a, lapolis ak lajistis nan komin Miragwàn mete lapat sou 2 sispèk nan kad dosye sa a.
Dieuva Occidor