AYITI/IMANITÈ: MINIS KONDISYON FANM NAN DR SOFIA LOREUS PREZANTE BILAN AKTIVITE LI AK VIZIT LI NAN SID PEYI A.

Minis kondisyon fanm nan, Dr Sofia Loreus prezante bilan aktivite li ak vizit li an tan ke moun kap kòdone aksyon gouvènman an nan gran Sid peyi a, ak diferant òganizaqyon kap pote èd bay viktim yo ansanm ak pwoteksyon Sivil epi rive byen jere don ak èd sa yo ki dwe al jwenn vrè viktim yo, jan premye minis lan mande sa.

Minis la te rankontre jounen jedi 19 out 2021 an, responsab pwoteksyon Sivil nan depatman Sid la ak ajans nasyon zini yo ki gen PNUD, OCHA, UNFPA, CORE selon sa li fè konnen nan yon nòt pou laprès.

‘’ Fòk mwen di nou, nan diferan rankont sa yo mwen trè kategorik paske nap evite sak te rive nan anpil lòt katastwòf ki frape peyi a deja repatisyon , distribisyon ak jesyon èd yo. Nap raple tout antite ki vle pote solidarite ak popilasyon viktim nan Sid la dwe jwenn modòd otorite yo pou evite tout dezòd nan jesyon dram sila. ‘’ dekrare minis la nan yon nòt pou laprès.

Minis lan te tou pwofite okazyon an pou li voye senpati li ak tout moun ki viktim nan gwo tranbleman tè sa ki pase nan peyi a jounen 14 out 2021 an espesyalman nan gran sid la.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …