Si inite se premye fòs viv yon nasyon sitou pou bon fonksyónman enstitisyon yo pou chak sitwayen ka jwenn bon sèvis totalman diferan pou komin Senlwi d’i sid yon komin nan depatman sid peyi à spesyalman awondisman Aken.
Depi kèk ane popilasyon komin Senlwi di sid toujou ap konfwonte anpil pwoblèm sitou kote otorite ki responsab komin nan lakòz popilasyon an san sekou pou ta jwenn sèvis nan yon pasaj redaksyon ekip Echojounal tanmen avèk anpil swen sou komin sa nou rive jwenn anpil enstitisyon ki p’ap mache youn ak lòt.
Pandan pa gen okenn enfrastrikti estanda ki reyalize anndan komin nan majistra ki se Edwin Luc CEIDE premye sitwayen komin nan non sèlman li pap viv nan komin lan sa plis lakoz komin lan lage nan 2 bra pandye men tou fann komin nan an 2 pati ant moun anwo à moun anba paske se moun anwo kite vote’l selon deklarasyon kèk abitan anplis de sa ki pa gen yon pwojè pou jenès komin nan ni okenn plan edikasyonèl ak pwofesyonèl.
Yon komin k’ap fonksyone san dlo trete ni elektrisite mache san enfrastrikti ,jenès lan pa gen lwazi ni ankadreman anpil ladan yo lage nan vann jounen ak moun k’ap plante pou yo ka jwenn yon bagay pou yo manje komèsan pa jwenn ankdreman pou plante pi byen pou bon jan rekòt, aktivite kiltirèl pa janm wè souri lajenès senlwi di sid.
Sou bò depite Guandy DORFEUILLE pou abitan komin nan se menm sitiyasyon an ki pa janm reprezante yo avèk onè nan vote bon jan lwa pou kèk pwojè ta reyalize anndan komin nan anplis de sa se chak lè eleksyon yo toujou gen chans wèl k’ap distribiye moto pou jwenn yon grenn vòt nan men popilasyon ki gen aksè pou vote melanje ak bèl pawòl pou fè yo dodomeya pou viv nan liks yo menm.
Pase nan tribinal komin nan ak lopital la se menm pwoblèm yo a repetisyon pou komisarya ki la pou jere vi chak grenn sitwayen se anpil tristès paske yo san akadreman.
Anpil moun k’ap viv anndan komin sa di si otorite konsène yo pa entèrese a devlopman pou komin nan se pa pouvwa santral k’ap entèrese avè yo.
Pou yo menm komin nan p’ap janm fè yon pa kita yon pa nago toutan divizyon pa kaba nan mitan otorite yo, yon fistrasyon ki pou yo menm ki pa kite anvi pou y’al vote paske a chak fwa yo vote se yo, sitwayen komin nan ki viktim paske jwenn sèvis pa egziste pou yo ki lakoz jèn gason ak jèn fanm abandone komin nan pou al chache lavi nan peyi chili, brezil ak sendomeng.
Yo fè konnen si otorite yo te envesti nan komin nan pou atire touris sitou pou 2 fò istorik komin nan posede( fò lanativite ak fò dèzolivye) ,anpil devlopman te ka soulaje enpe nan mizè ak pwoblèm y’ap konfwonte.
Abitan k’ap viv nan komin nan fè konnen Senlwi malad anpil e mande pou otorite pi wo yo di yon mo.
Jemsley JOSEP
Tel : +5094827-6981
josephjemsley@gmail.com