AYITI JALOUZI: KONFLI DIRÈK ANT LEONARD AK AVOKA MARIO DELCIE.

YVES Leonard akize nan laprès Mario Delcie kòm moun kap koze ak ansyen madanm li Nice Simon, Leonard deklare avoka a se maklo li li pa konpetan li se yon imoral an menm tan yap jwe sou menm teren.

Leonard pa met dlo nan bouch li pou kritike avoka Mario Delcie ki di li se avoka tout moun e lap defann tout moun ki viktim de vyolans. Selon Leonard Mario Delcie ap ekri madanm li « cheri doudou comment tu était passé la nuit? » Lap voye flè bay Nice Simon. Mario Delcie se avoka kap defann Nice Simon nan konfli ki egzite ak Yves Leonard ki tap viv avèk aktris film « I LOVE YOU ANNE » nan nan kay e menm genyon pitit ansanm.

Avoka a ki detèmine pou majistra Taba a jwenn jistis e ki ale nan apèl kont desizyon ki te pran pou voye jete byen lwen mo vyolans ke Yves ta fè sou Aktris la, yon desizyon ki pa sonnen byen ditou nan zòrèy majistra Taba a Nice Simon ak moun kap defann li yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …