AYITI /JISTIS : 18 TELEFÒN TOUT MAK SEZI NAN PRIZON SIVIl OKAY.

Komisè gouvènman pou ti bout tan jiridkisyon okay la mèt Ronald Richemond, fè konnen nan yon fouy ki fèt nan prizon sivil okay la fòs lòd yo rive sezi 18 telefòn pami yo telefòn entèlijan ou byen esmatfòn « smartphone  » .

Chèf pouswit la ki pakè a deja louvri yon ankèt pou konnen kote telefòn sa yo pase pou antre nan prizon sivil e pwomèt pou bay tout moun ki enplike yo, nan preparasyon tantativ Evazyon sa.

Yon lòt bò,komisè Ronald Richemond, demanti enfòmasyon ki ta vle fè kwè chef gang gran savann lan jeneral kilikou te kite prizon an, mèt Richemont ki presize pandan fouy nan prizon an yo twouve jeneral kilikou nan yon lòt selil, pakè a k ap chache konnen ki rezon ki fè kilikou te chanje selil nan prizon sivil okay la.

 Mèt Ronald Richemond ki di popilasyon nan jiridkisyon okay yo pou kolabore ak pakè a pou rive met tout zèfèyis anba kòd.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Haïti : Un atelier clé pour renforcer la Formation Technique et Professionnelle

Le 11 juin 2025, à l’hôtel Kinam, s’est déroulée la 8ᵉ revue thématique de la …