AYITI/JISTIS : BAWO AVOKA MIRAGWÀN YO DENONSE DESIZYON POU DEZAME SEKIRITE MAJISTRA RENORD REGISTE YO.

Bawo avoka Miragwàn yo kondane ak tout fòs yo desizyon responsab lojistik nan lapolis la pran pou dezame Majistra enstriktè Renord Registe, ki ap enstwi dosye asasinay ansyen batonye lòd avoka Pòtoprens lan mèt Monferieur Dorval.

 » desizyon responsab nan lojistik lapolis la pran pou dezame sekirite majistra Renord Registe la, montre mèt Monferieur Dorval lwen pou jwenn jistis », daprè deklarasyon batonye lòd avoka Miragwàn yo mèt Saurel Frantz, ki fè konnen desizyon sa se yon mesaj yo voye bay majstra a pou raplel nan dosye li ye la yo pa prè pou asire sekirite li.

Nou ap fè remake, divès sektè nan peyi a deja leve vwa yo pou denonse desizyon sa, se ka pou asosiyasyon nasyonal majistra ayisyen yo (ANAMAH) ak asosiyasyon pwofesyonèl majistra yo (APM).

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …