AYITI/JISTIS: DEFANSÈ PLIS ÒGANIZE YON JOUNEN PWOJEKSYON AK DEBA

_Nan kad sèz (16) jou aktivis defansè plis te lanse depi 24 novanm pase a, li òganize jounen madi 7 desanm 2021 an yon jounen pwojeksyon ak deba anba tèm : » n ap pwoteje fanm ak tifi nan tan kriz »_.

« Defansè plis kwè batay kont vyolans ki ap fèt sou fanm nan li oblije kontinye fèt e li oblije pouse pi plis », daprè Samendina Lumane Jean, responsab kominikasyon, pi lwen, ki ajoute » kesyon vyolans ki ap fèt sou fanm dènye jou sa yo rekiran anpil ».

Bò kote pa l, Junior Jean Denis, responsab asistans jiridik fè konnen aktivite sa ki òganize nan defansè plis la vize sansibilize òganizasyon yo pou yo kapab plis konsyan de sityasyon fanm ak tifi ki ap sibi vyolans yo.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …