Majistra nan 18 jiridiksyon te demare yon grèv nan tribinal yo nan peyi Dayiti nan mitan mwa fevriye 2021 an, deja sou 7 semèn okenn moun pa mande yo sa yo pote pou vann .
Prezidan asosiyasyon pwofesyonèl majistra ayisyen yo(ANAMAH) jij Jean Wilner Moren ki fè konnen grèv la te lanse pou denonse fason pouvwa egzekitif la entèfere sou travay pouvwa jidisyè a lè chèf Leta deside nan yon arete prezidansyèl voye nan retrèt 3 jij lakou kasasyon yo, jij Jospeh Mecène Jean Louis, jij Windell Coq Tellot ak jij Ivickel Dieujuste Dabrezil .
Sendikalis la ki raple se Konsèy pouvwa jidisyè a (CSPJ), ki kapab sanksyone yon majistra si tout fwa li ta komèt yon fot nan egzèsis fonksyon li .
N ap siyale, vandredi 26 mas pase a prezidan (ANAMAH) jij Jean Wilner Moren, te rankontre ak ofis pwotektè sitwayen (OPC) sou sitiyasyon grèv sa ki gen konsekans sou jistisyab ak detni yo.
Dieuva Occidor