AYITI JISTIS : PAKÈ PÒTOPRENS LEVE ENTÈDIKSYON DEPA SOU KÈK ANTREPRENÈ NAN PEYI A.

Nan kòrespondans pakè pòtoprens ekri direktè imigrasyon ak emigrasyon jounen mèkredi 2 fevriye 2022 a, jij Gérald NORGAISSE mande Direksyon imigrasyon ak emigrasyon an pou leve entèksyon depa lajistis te mete dèyè yon pakèt gwo chabrak nan sektè prive a.

Dimitry Vorbe, Riginald Vorbe, Jean Mary Vorbe ak Elizabeth Debrosse moun sa yo pa gen entèdiksyon depa ankò, sa vle di yo lib pou yo sikile nan peyi a pou yo fè sa yo vle paske lajistis ARIEL HENRY ak Komisè gouvènman Lafontant an pa jwenn anyen mal de moun sa yo.

Nap raple, mesye dam sa yo lajistis Ayisyèn te kondane yo nan dosye kouran yo tap vann leta atravè SOGENER kote, leta te wè moun sa yo pa vann kouran vre men se blakawout ki te anvayi tout peyi a. Selon ansyen prezidan Jovenel Moïse, leta tap peye konpayi sojenè a douz milyon (12 000 000) dola ameriken chak mwa pou bay kouran nan zòn metwopolitèn lan.

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Haïti : Un atelier clé pour renforcer la Formation Technique et Professionnelle

Le 11 juin 2025, à l’hôtel Kinam, s’est déroulée la 8ᵉ revue thématique de la …