Pati politik Ayisyen pou Ayiti, kontinye ap reklame jistis pou ansyen prezidan repiblik la defen Jovenel Moïse, ki te mouri asasinen lakay li nan Pèleren senk (5), komin Petyonvil, sèt (7) jiyè 2021 an.
Sekretè egzekitif nasyonal pati politik Ayisyen pou Ayiti a, Jonas Coffy, denonse kat (4) mwa aprè asasen ak konplis nan lanmò defen Jovenel Moïse yo kontinye ap paweze nan lari a san ke yo poko menm jwenn arestasyon yo. Jonas Coffy, lèse kwè konplotè asasinay la se yo menm kounye a ki gen pouvwa epi ap deside nan non Leta, revoke ak chanje moun lè yo vle.
Pou fini, ansyen minis komès ak endistri ( MCI), Jonas Coffy, fè konnen kat (4) mwa aprè zak asasinay defen Jovenel Moïse pou jiska prezan politisyen yo kontinye ap goumen pou pouvwa.