AYITI/JISTIS : YOURY LATORTUE AK STEEVEN BENOÎT ALE NAN PAKÈ PÒTOPRENS

Ansyen senatè Youry Latortue ak Steeven Benoît ale nan pakè Pòtopens jounen lendi 13 jiyè 2021 an  pou reponn kesyon kominisè gouvènman an nan kad ankèt kap fèt sou asasina prezidan Jovenel Moïse .

Depi apre asasina krapile prezidan Jovenel Moïse, lajistis ak lapolis pa sispann poze aksyon pou chache moun ki enplike swa dirèkteman osnon endirèkteman nan zak sa. Ansyen senatè Youry Latortue ak Steeven Benoît reponn ak envitasyon komisè gouvènman an te fè yo pou yo te vin nan pakè.

Ansyen senatè depatman lwès la, Steeven Benoît te deklare nan radyo majik 9 se pwòp ajan sekirite Jovenel Moïse yo ki touye li se pa kolonbyen yo, kontrèman ak pawòl premye minis la ak direktè polis la ap mache repete nan laprès.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …