AYITI/KANAVAL: GWO ATAK SOU CHA SWEET MICKY KI TAP KREYE ANIMASYON NAN DEZYÈM JOU GRA A NAN VIL OKAP.

Moun a kagoul ki bay tèt yo non polisye atake cha Sweet Micky a nan lannwit lendi 24 fevriye 2020 an nan vil Okap ki tap kreye anpil animasyon pou dezyèm jou gra a.

Popilasyon an ki te reponn prezan malgre anpil menas ki tap fèt nan vil la ta pral konnen yon move moman lè mesye dam a kagoul yo ta pral tire sou cha e pi voye anpil gaz lakrimojèn pou te anpeche ansyen prezidan an met plezi epi rive nan destinasyon li.

Malgre katouch gaz anpil nan fanatik Sweet Micky yo te rete kanpe nan objektif plezi a pral kontinye, atak sa lakoz anpil moun blese ladan yo yon pwòch ansyen prezidan Martelly e selon enfòmasyon ta gen moun ki pèdi lavi yo anba bal mesye dam a kagoul yo.

Apre atak la ansyen prezidan an nan yon video fè tout fanatik li yo konnenn li anfòm e li byen, li konfime ke genyon pwòch li ki rive pran bal sou cha a pandan atak la.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …