AYITI/KATASTWÒF: ARYOPÒ TOUSEN LOUVÈTI LEVE ANBA GWO DIFE.

Pou louvri jounen madi 24 septanb 2019 la aryopò entènasyonal Tousen LOUVÈTI peyi Dayiti nan lakou Pòtoprens leve anba gwo dife.

Sèvis ponpye yo nan gwo entèvansyon yo fè te pèmèt dife a pat fè plis deblozay anndan aryopò Pòtoprens lan jan sa te pase nan vil Petyonvil anba kòlè militan politik yo.

Jiskaprezan pèsòn moun pa rive konnen kote dife sa sòti ki pran anndan aryopò a ki lakoz yon restoran avèk yon magazen pafen pa gentan epanye anba kòlè dife sila.

josephjemsley814@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …