AYITI KAY: SENKANT (50) KAY PRAL KONSTWI NAN KOMIN TABA POU MOUN KI PI PÒV YO.

Senkant (50) kay ap gen pou konstwi gras ak èd òganizasyon Food for the poor nan tèt kole ak meri Taba selon enfo nou rive jwenn, kay sila yo ap gen pou konstwi pou moun ki pi pòv yo kapab jwenn yon kote pou yo rete, konstriksyon sa yo ap fèt sou yon tèren leta nan komin Taba ki pa twò lwen rivyè griz.

Food for the poor se yon òganizasyon entènasyonal ki nan peyi dayiti depi nan lane 1986 ki gen pou misyon ede moun ki pi pòv nan mond lan sou rasanbleman legliz ki nan peyi devlope yo ak nan peyi ki pa devlope yo.

 

josephjemsley814@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …