AYITI /KIDNAPIN : ASOSIYASYON FAMASYEN AYITI YO MANDE LIBERASYON  KÒLÈG YO .

Asosiyasyon famasyen Ayiti (APH), nan yon kominike pou laprès yo mete deyò jounen Lendi 26 Avril 2021 an, kondane remonte zak ensekirite a ki ap taye banda nan peyi a ki mete an danje tout sitwayen ak sitwayèn ki ap viv nan peyi Ayiti .

Responsab yo nan (APH) fè konnen famsyèn Marie Josette Malvoisin, nèg ak zam yo kidnapel samdi 24 Avril 2021 an, nan moman li tap antre lakay li aprèl te fin fè kou nan fakilte Medsin ak Famasi. Pi lwen APH, fè konnen madanm Malvoisin gen plis ke trant (30) lane depi li ap bay moso konesans nan fòme jèn ki ap etidye famakoloji epi li toujou bay sèvis li nan kominote a .

Pou fini, APH mande liberasyon famasyèn Marie Josette Malvoisin san okenn kondisyon epi mande ak otorite nan Leta pou pran tout dispozisyon pou garanti sekirite tout moun ki ap mache nan lari rejyon metwopolitèn pòtoprens lan .

Dieuva Occidor .

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …