AYITI/ KIDNAPIN : BANDI AK ZAM KIDNAPE DE (2) KOUZEN NAN KOMIN GRESYE.

Bandi ak zam kidnape samdi kat (4) Septanb 2021, nan komin Gresye, de (2) kouzen ki t ap sòti Tigwav pou rantre nan Pòtoprens kote kidnapè yo mande yon bon valè lajan pou libere yo.

Hudson Fulgence ak Verno Fulgence, se non de (2) kouzen sa yo bandi ak gwo zam kidnape samdi kat (4) Septanb lan nan komin Gresye, aksyon sa pase nan lè senkè (5h) nan moman Hudson ak Verno Fulgence t ap rantre Pòtoprens nan machin prive yo.

Nou ap siyale, de (2) mwa aprè lanmò asasinay Jovenel Moïse jiska prezan aktè politik yo ap tatone pou jwenn yon solisyon e poutan nèg ak gwo zam kontinye ap fè lalwa sou popilasyon an.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …