AYITI/KIDNAPIN: BANDI AK ZAM KIDNAPE JOUNALIS FRANTZIE SIMÉON.

Nèg a zam kidnape nan lannwit Jedi 23 septanm 2021 an Frantzie Siméon, Yon jounalis zòn avni Kristof nan kapital la.

Daprè sa enfomasyon yo fè kwè Frantzie Siméon se ansyen anplwaye Télévision National D’Haïti (TNH), ansyen animatris emisyon kiltirèl  » zile varyété » nan radyo télé Kiskeya.

Anviwon twa (3) ka Kidnapin anrejistre nan menm sware a, nou ka site Mackenley Mogène anplwaye Direksyon bidyè akonpanye avek Yon frè li.

Ensekirite a kontinye ap vale tèren , bonè nan maten vendredi 24 septanm la Echojounal konstate anviron 2 mò nan zòn Torcel ki twouvel nan komin Taba. Aloske pòt pawòl la polis la Marie Michel Verrier apèn anonse divès inite nan polis nasyonal la tankou direksyon polis routyè (DCPR) mobilize pou asire sekirite sitwayen yo nan la ri a.

Marie Wanide Nencha Vernois

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Haïti : Un atelier clé pour renforcer la Formation Technique et Professionnelle

Le 11 juin 2025, à l’hôtel Kinam, s’est déroulée la 8ᵉ revue thématique de la …