AYITI/KIDNAPIN : DOKTÈ IZABELLE VICTOR JWENN LIBERASYON LI.

Selon enfòmasyon sal redaksyon Echojounal la genyen nan bon timamit, doktè Izabelle Victor bandi nan Matisan te kidnape samdi 16 oktòb 2021 an jwenn liberasyon li nan aprè midi mèkredi 20 oktòb 2021 an kont ranson.

Daprè sa pwoch otaj la di doktè Izabelle libere mèkredi 20 oktòb la nan aprè midi men yo pa revele kantite kòb yo bay kidnapè yo, selon pwòch otaj la kòb yo bay ravisè yo, yo poko konnen nan konbyen tan yap fin remèt kòb sa.

Nap raplew, jounen samdi 16 oktòb 2021 an bandi te kidnape plizyè moun pami yo 17 misyonè etraje 16 ameriken 1 kanadyen.

 

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …