AYITI/KIDNAPIN: JOVENEL MOISE LI PRAL KREYE YON SELIL ANTI KIDNAPIN NAN PEYI A.

Nan yon tweet li fè jounen 1 Mas 2021 an, sekretè Leta kominikasyon an, Frantz Exantus anonse yon selil anti kidnapin Jovenel Moïse pral mete kanpe nan peyi a.

« Desizyon sa pran nan lide pou goumen kont fenomèm kidnapin k ap taye banda depi kèk jou nan sosyete a », se konsa anyen responsab kominikasyon primati a jistifye desizyon sila a.

Pi lwen, ansyen direktè kominikasyon nan ULCC a fè konnen selil anti-kidnapin nan ap gen pou travay men nan men ak selil anti kidnapin ki gen nan DCPJ a pou yo ka fè fas ak koze kidnapin nan.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …