AYITI/KIDNAPIN: LAPOLIS ARETE NATHALIE TOUSSAINT POU FO KIDNAPING.

Lapolis mete anba kòd Nathalie Toussaint, jounen lendi 3 Me 2021 an pou kidnaping li fè fè sou pwòp tèt li, daprè sa otorite lapolis yo fè konnen._

« Li te vle fè kwè yo te kidnape li Matisan 23 depi 26 avril 2021 an alòske li te chwazi rete fèmen lakay li nan kache pou je pa te wè li », daprè otorite lapolis yo.

Nathalie Toussaint gen 26 lane sou tèt li. Li te vle, daprè lapolis, fè 70 000 mil dola ameriken sou mennaj li ki se yon sitwayen Kanadyen ki gen orijin ayisyen, men ki ap viv deyò peyi a.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …