AYITI/ KIDNAPIN :NÈG AK ZAM KIDNAPE NOVIA AUGUSTIN, PREZIDAN FEDOFEDH LA

_Van kidnapin lan pa sispann soufle sou peyi Dayiti. Nèg ak zam kidnape Novia Augustin, prezidan federasyon òganizasyon fanm pou egalite ak dwa moun ( FEDOFEDH) nan Dèlma 75 vandredi 3 desanm 2021 an._

Novia Augustin kidnape nan Dèlma 75 vandredi 3 desanm 2021 an. Prezidan federasyon òganizasyon fanm pou egalite ak dwa moun, Novia Augustin se yon jenn fanm k ap milite pou dwa fanm respekte nan sosyete a.

Jenn devwe, Novia Augustin se tou prezidan yon òganizasyon ki pote non refij fanm nan peyi Dayiti.

Depi plis pase yon semèn ka kidnapin yo retounen pa pil ak pa pakèt nan zòn metwopolitèn nan anba bab otorite peyi Dayiti yo.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …