AYITI/ KIDNAPIN : NÈG AK ZAM KIDNAPE 4 MOUN ANDAN YON LEGLIS ADVANTIS PAMI YO PASTÈ AUDALIS ESTIMÉ*

Bandi  ak zam  rantre nan legliz advantis Galaad la ki chita kò l nan rantre sid peyi a, nan nivo Dikini nan lannwit  Jedi 1 avril 2021 an  kidnape 4 moun, pastè legliz la se se youn nan yo.

Malfwa yo kidnape moun leglis yo ak pastè Audalis Estimé ki se maestro gwoup Gospel Kreyòl pandan yo t ap fè yon adorasyon an dirèk sou rezo sosyal yo.

Nan videyo k ap sikile sou rezo sosyal yo, nou wè kidnapè a rantre san difikilte andan legliz la pou fè aksyon sa.

N ap raple, malgre mezi chèf gouvènman an te pran sa gen plis pase 3 semèn sou koze kidnapin nan, sa pa anpeche anlèvman yo toujou ap fèt nan kapital la.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …