AYITI /KIDNAPIN : ÒGANIZASYON SANT ANALIZ AK RECHÈCH DWA MOUN FÈ KONNEN KONBYEN MOUN KI KIDNAPE PANDAN 3  PREMYE MWA

Òganizasyon sant analiz ak rechèch nan dwa moun ( CARD) fè konnen gen 142 ka kidnapin ki anrejistre pandan 3 premye mwa ane 2021 an nan peyi Dayiti .

Direktè egzekitif CARD la mèt Jedeon Jean, fè konnen gen 27 ka ki anrejistre pou mwa mas 2021 an, pandan li presize seri enfòmasyon sa yo rive kolekte gras ak nimewo telefòn òganis dwa moun lan mete disponib ak enfòmasyon yo ki sòti nan estasyon radyo yo.

Defansè dwa moun lan ki lage responsabilite zak ensekirite a ak fenomèn kidnapin sou do gouvènman anplas la, daprè li pouvwa gen gang k ap travay pou kesyon eleksyon .

Dieuva Occidor .

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Haïti : Un atelier clé pour renforcer la Formation Technique et Professionnelle

Le 11 juin 2025, à l’hôtel Kinam, s’est déroulée la 8ᵉ revue thématique de la …