AYITI/KIDNAPIN: PASTÈ AUDALUS ESTIMÉ, WELMYR JEAN PIERRE AK 3 LÒT JWENN LIBERASYON Yo.

Pastè Audelus Estimé, Welmyr Jean Pierre ak 3 lòt moun endividi ak zam te kidnape 1 avril pase a, jwenn liberasyon yo nan lannwit lendi  5 avril la.

Kidnape depi anviwon 4 jou, pastè Audelus Estimé, Welmyr Jean Pierre ak 3 lòt moun yo jwenn liberasyon yo. Nouvèl la konfine sou paj fesbouk legliz Galaad a. « Mèsi Bondye. Mèsi ak tout moun ki te sipòte nou », se sa ki te ekri sou kont fesbouk legliz la.

Pa gen okenn enfòmasyon ki disponib sou konbyen kòb pwòch viktim yo bay pou yo libere, men  ravisè yo te mande 2 milyon dola US pou liberasyon moun yo.

N ap raple nèg ak zam te kidnape moun yo pandan yo t ap fè yon sèvis adorasyon nan yon legliz advantis nan Dikini pandan yo te  an dirèck sou rezo sosyal .

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Haïti : Un atelier clé pour renforcer la Formation Technique et Professionnelle

Le 11 juin 2025, à l’hôtel Kinam, s’est déroulée la 8ᵉ revue thématique de la …